A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #

ROSEMOND JOLISSAINT lyrics : "Ti Moun Yo"

Anmwey, anmwey, anmwey, anmwey
Anmwey, anmwey, anmwey, anmwey


Rele wo wo wo
Rele wo wo
Rele wo wo wo


Tande kriye ti mou nan lari yo
Gade rele soyèt yo lakay

Yo pa gen moun ki pou pran swen yo
Pèp Ayisyen, annou priye pou yo


Rele wo wo wo
Rele wo wo


Ala kontan ma va kontan
Jou ma wè Haiti chanje
Ala kontan ma va kontan

Jou Haiti va devlope
Ala kontan ma va kontan wo wo!


Rele wo wo wo
Rele wo wo


Ti moun y'ap kriye woy
Granmoun y'ap rele anmwey
Pou Ayiti ki nan mizè

Timoun y'ap kriye woy
Granmoun y'ap rele anmwey
Pou peyi a ki fin kraze (bis)


(Guitar solo)


Gen nan yo ki san man man
Gen nan yo ki san papa
Se ofelen yo ye wo wo!


Rele wo wo wo
Rele wo wo


Ala kontan ma va kontan
Lè Ayisyen pa pran kanntè

Ala kontan ma va kontan
Lè frè'm sèm yo pa pran lanmè
Ala kontan ma va kontan wo wo


Rele wo wo wo
Rele wo wo


Dan reken ak imilyasyon
Fè fanmi nou yo pi soufri

Ann repanse peyi nou
Pou'n rebati Ayiti
Lè sa pitit tè a va viv pi byen wo wo!


Ti moun y'ap kriye woy
Granmoun y'ap rele anmwey

Pou Ayiti ki nan mizè
Timoun y'ap kriye woy
Granmoun y'ap rele anmwey

Pou peyi a ki fin kraze
Ti moun y'ap kriye woy
Granmoun y'ap rele anmwey

Pou Ayiti ki nan mizè
Timoun y'ap kriye woy,,, anmwey!

Submit Corrections